spot_imgspot_img

Kreyòl

GRENN PWONMENNEN

Le référendum renvoyé officiellement, à quand le tour de Jovenel Moïse ?

Lè gang ap batay, Lapolis kouri, swa-dizan gwo chef rantre anba4 kabann, yo pa di kwik !

Tout semèn pase a, depi nan madi, premye jen, gang ap batay an tre yo nan zòn sid Pòtoprens, nan Fontamara ak Matisan. Yo fè anpil dega, touye mounn, piye boutik mounn yo, lakòz ke youn bann Ayi syen vin refijye nan pwòp peyi yo. Nan kout kat la, youn pati nan peyi a, ke yo rele « Le Grand Sud », soti depi Ma tisan rive jouk anba nan Jeremi, bloke. Yo koupe tout kontak ant 4 depatman edmi ak kapital la, di zon lamwatye depatman yo, pas ke se 10 ki genyen. Antouka, di ran tout semèn pase a, machin ki te soti nan depatman sa yo pa t ka rive nan kapital la. N appale de Sidès (Jakmèl), Sid (Okay), Nip (Ansavo-Mira-gwán), Grandans (Jeremi) epi youn pati nan Lwès la (Leogán, Grangwav ak Ti gwav).

Se bagay nou pa janm tande pou bandi ame jouk nan dan ak gwo zam fannfwa pran kontwòl tout youn zòn nan kapital la epi anpeche trafik pou prèske lamwatye peyi a. Sitiyasyon an tèlman grav, otorite pa ka travèse Mati – san, kote bandi ak gwo zam anpeche yo al Leogán pou arete avo ka Jean Danton Léger k ap tann yo ak manchèt li nan men l. Jan nou tande l la, mounn ak manchèt merite arete, trennen devan Lajistis. Men bandi ak zam fannfwa pa reprezante youn me – nas, menm si yo touye mounn epi devalize kay yo. Se prezidan de fakto a, asosye yo, ki ba yo salon, epi yo rantre nan tout chanm, flank tout mounn ki te la yo deyò.

Ann tounen sou ajisman gang yo nan zòn ki sou kontwòl yo a. Rive nan jedi, se gwo kouri ki te genyen nan Fontamara ak Matisan. Mounn kouri kite kay yo, menm granmounn sou baton, fanm ansent, timounn tou piti. Gen ladan yo ki pa t menm gentan pran rad ak soulye, tèlman yo t ap kouri pou sove lavi yo anba bal ki t ap tire prèske san rete. Bagay ki pi rèd, bandi yo fè polis ki te nan komisarya nan zòn nan kouri kite, bay tè a blanch. Se yo ki mèt kounnye a. Sa m ap di a se pa nouvèl pèsonèl mwen, osnon m tande nan radyo, se zanmi mwen gen ki abite Fontamara ki rele m nan telefòn pou esplike m ki kalvè y ap monte. Kounnye a sa afekte m pèsonèlman. Epi sitiyasyon an ap vin pi mal, paske gang yo frape nan zòn nò kapital la tou. Nan samdi, 5 jen, yo atake pòs polis Dwouya (Drouillard) ki bò Site Solèy. Yo menm touye enspektè jeneral lapolis ki te anchaj pòs Dwouya a, Adolphe Myradel. Selon youn rapò ofisyèl lapolis, bandi yo pran tout zam ak lòt ekipman pou kominikasyon. Antretan yo annile 2 sistèm kominakisyon polis te genyen nan biwo polis sa a. Se te youn mouvman byen koòdone, pandan youn gwoup t ap frape8 Dwouya, gen lò ki t ap frape pòs Kazo (Caseau), Divivye (Duvi – ver) ak stasyon pou al Gonayiv la (Gonaïves). Nan pòtay Sen Jozèf (Saint Joseph), yo touye tout polisye yo te jwenn. Jiskaprezan nou pa gen chif pou di konbyen.

Ēske se prepare gang yo ap prepare pou ansèkle Pòtoprens anvan yo deside pran Palè a menm ? Epi èske se pa youn plan byen detèmine ak Jovnèl Moyiz (Jovenel Moïse) li menm ? Paske depi deblozay yo tanmen nan ma – di semèn pase a, prezidan de fak to a bèbè, li pa janm di kwik. Ou ta di li ta chita ak chèf polis la, Leon Chal (Léon Char les), ansanm ak Pre mye minis la, Klod Jozèf (Claude Joseph), ki sanse nan tèt Polis la, pou yo ta planifye youn atak sou bandi yo ki te deja pran Fontamara ak Matisan, anvan dènye devlopman sa yo nan lòt zòn onò kapital la. Se jouk nan di manch, nou tande Premye mi nis Klod Jozèf, ak direktè jenneral polis la, Leon Chal, fè youn parèt nan Matisan. Men n aprann se 10 milyon goud yo te debouse bay bandi yo pou yo te ka otorize pou vin nan zòn nan. Atò nou konn kilès ki vrèman chèf ann Ayiti. Li byen klè pou tout mounn, Se gang yo.

Selon youn rapò ki vin jwenn nou, sanble Leon Chal te fè youn chapad byen vit nan jedi pou l te rankontre mesye Ameriken yo, pou diskite sitiyasyon an. Ēske l te esplike kontak li yo koneksyon ki genyen ant Jovnèl ak gang yo, e kijan sitiyasyon an make san menm pou li ? Si yo ka touye youn enspektè polis, yo ka tou pase pran direktè jeneral la tou, dekwa pou se chèf « Gang federe » yo, Jimmy Chérizier, ke tout mounn konnen sou non Babe – kyou (Barbecue) ki ka vin pran direksyon Polis la. Lè sa a, ofisyèlman gouvènman an pral youn « Gouvènman gangsterize! »

M ap retounen sou nou ak deblozay Fontamara ak Matisan an pou n mande kilès gang sa yo k ap opere lòt bò a. Yo di se gang Gran Ravin, nan Matisan, ak gang Tibwa, nan Fontmara k ap twoke kòn. Men nou tande ke Ba – be kyou te voye ranfò bay gwoup pa l nan Gran Ravin, ekip Krisla a, menm gang ki t al nan legliz advantis nan Dikini an, pandan sèvis t ap fèt epi ki te kidnape pas – tè a, chèf koral la ak 2 lòt fidèl. Nou ka sonje ke prezidan an pa t di kwik lè sa te fèt, paske se gwoup Krisla a ki travay pou defakto a, ki t ap opere lè sa a ).

Vwala ke menm gwoup sa ann aksyon ankò nan menm zòn nan, epi prezidan defakto a rete bouch be, pa menm youn ti mo de sinpati pou fanmi yo k ap sibi, ki oblije kouri kite kay yo, al refije sou plas piblik. Omwens Legliz katolik mete youn kominike deyò pou prezante sinpati pou mounn yo epi deklare solidarite ak yo. Fò m di tou m wè Rejinal Boulòs (Re ginald Boulos), ki gen Mouv – man Twazyèm Vwa a, mande tout mounn ki gen biznis tankou l pou yo vin ede mounn Fontamara ak Matisan yo. Antouka, lè nou byen konsidere sa k ap pase a, Jovnèl Moyiz nan konfyolo ak gang asosye l yo. Pouki rezon ?

Menm Madan Gilann Meza – dye (Guilande Mésadieu) mete youn bemòl sou kesyon referandòm nan. Nan vandredi, ki te 4 jen, madanm nan lage youn pa – wòl pou l di « Le calendrier des activités relatives au eferendum constitutionnel et aux élections mu nicipales, locales, législatives et présidentielles de 2021 pourrait être modifié ». De ki prevyen ? N ap kite l pale : « Cette modification serait dû à la recrudescence des cas de contamination de la COVID-19 dans le pays »

Menni, y ap lage tout chay la sou do pandemi an k ap fè ravaj nan peyi a. Se kòmsi menm lanati kont referandòm tèt chat Jovnèl Moyiz la. Apre prèske tout peyi a leve kanpe, ap rele anmwey yo pa nan referandòm, vwala ke lanati foure bouch nan kesyon an tou. Se pa mwen ki di, se Madan Me – zadye, ak pwòp bouch li ki di CO VID la pa vle koopere ak bann atoufè Jovnèl Moyiz yo. Akòz tèt di yo, vwala ke tout youn peyi ap peye po kase a.

Mezaanmi, byenwo, kote yo pa wè, gen pi gwo fòs k ap veye pou pèp ayisyen pa pran move kou anba youn nouvo dictatè ki panko menm sevre. Paske referandòm se louvri pòt bay youn kons titisyon tankou sa Franswa Divalye (François Duvalier) te itilize nan lane 1961 pou l te bay tèt li youn lòt manda 6 zan, nan mitan manda l ki te kòmanse 22 oktòb 1957. Pi devan, pouvwa dous, li fè youn lòt referandòm nan lane 1964. Fwa sa a li ranje konstitisyon l pou l prezidan avi. Vrèman li mouri nan kabann ni nan mwa davril 1971, men pa anvan li desann laj pou prezidan jouk sou 18 an. Epi se konsa ti bonnonm ni an, ki te gen 19 an, vin prezidan avi tou. Eksepte, li pa mouri sou pouvwa, pèp la voye l ale nan dat 7 fevriye 1986. Epi kounnye a, Jovnèl Moyiz kon prann li ka tounen ak menm rejim sa a, ansanm ak gang yo, ki se nouvo Tonton Makout pa l la.

Antretan, kisa n ta disi nou wè gang, ki deja montre fòs yo, deside yo p ap pran dikta nan men zòt ankò, epi yo mache sou Palè epi fè sa k gen pou fèt la ! Nou pa bay pèsonn bouch, men sa yo jwenn sanzatann nan, se yo ki chache l. Mwen voye dlo m pa mouye pèsonn. Mèt pawòl, ranmase koze w. M ale !


TiRenm/
Grenn Pwonmennen
9 jen 2021

Get in Touch

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here

spot_imgspot_img

Related Articles

spot_img

Get in Touch

1,682FansLike
0FollowersFollow
0SubscribersSubscribe

Latest Posts